Skip to main content

Posts

Showing posts from March, 2020

Sansibilizasyon Atravè Lekòl ak Kontwòl nan Pò ak Ayewopò Kont Menas Kowonaviris la

Ann Ayiti, lekòl yo kòmanse yon kanpay sansibilizasyon sou epidemi kowonaviris la kap menase rejyon karayib la. Nan lekòl Methodiste De Frère, pa ekzanp, dirijan etablisman sila a di Lavwadlamerik yo montre timoun yo fè pwòp kach ne yo pou pwoteje yo. Yo mete tou anpil aksan sou lave men, salitasyon san yo pa bay lamen ak netwaye telefòn yo souvan e latriye. Moun kapab li nòt sa yo sou prekosyon kont kowonaviris la sou tout mi lekòl sa a. Nouvèl yo ta fè kwè Sen Domeng ki pataje fwontyè ak peyi Dayiti ta gen 5 ka kowonaviris. Pandanstan, epidemi an ki deja prezan nan lòt rejyon nan amerik latin nan fè yon mò nan Buenos Aires, Ajantin. Dapre sous Lavwadlamerik, Guillermo Abel Gome, yon ajanten 64 tran, mouri pandan li tap resevwa tretman nan yon lopital kont kowonaviris la nan Buenos Aires . Sitwayen ann Ayiti kontinye eksprime kè sote devan mank mwayen leta a pou reponn ak bezwen sanitè yo malgre pwomès gouvènman atravè ministè sante piblik fè pou di yo mobilize pou fè fas ak m...

Ayiti Mete Entèdiksyon Vwayaj sou Moun Ki Soti nan Peyi Wo Risk Kowonaviris la

Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal enfòme liy ayeryèn pou avyon k ap transpòte pasaje ki soti nan peyi zòn wouj ( kote ki gen kowona viris) pou pa debake dirèkteman ann Ayiti. Nòt la mande konpayi yo pou evite anbake pasajeki soti nan zòn wouj(zòn a wo risk kontaminasyon COVID-19) toutotan yo pa pase 14 jou andeyò yon zòn san risk. Ayti poko anrejistre yon ka kowonaviris ki prezan nan karayib, tnakou nan peyi Sen Domeng ak kèk lòt kote nan amerik latin nan. Otorite ayisyèn yo deplwaye ajan sante piblik sou fowntyè ak nan ayewopò atravè peyi a pou fè tès sou vwayajè kap antre nan peyi a.

Ayisyen Ozetazini ap Chèche Mete Fen nan Maladi Malarya ann Ayiti

Yon group ki rele Haiti Renewal Alliance, oubyen Ayiti: Alyans Renouvle, ap reyini manm Diaspora a nan anbasad Ayiti a nan Washington pou pale sou entegrasyon Diaspora a nan kad efò pou amelyore sante kominotè epi pouse pou pi devan inisyativ ki vize eliminasyon malarya nan ann Ayiti. Dapre Mesye Firmin Backer, ki se Prezidan « Ayiti : Alyans Renouvle », rasanbleman sa a ap genyen ladan l kèk patnè nan domèn devlopman an, ofisyè gouvènman, pwofesyonèl nan domèn sante ak manm sektè prive a pou yo pataje lide sou solisyon kap dire pou sektè sante a nan peyi dAyiti. Oganizatè yo kwè entegrasyon Diaspora a nan sektè sante a ann Ayiti gen potansyalite pou ofri solisyon kap dire pou dekalaj ijan resous imen ak finansye ann Ayiti, e sa kapab debouche sou pwomosyon nouvo politik sante ak envestisman nan domèn sante a ak kapasite mediakal e teknik pou Ayiti reyalize objektif devlopman global yo vè ane 2030. Repòtè Lavwadlamerik Arthur Jean-Pierre ap sou plas nan anbasad Ayiti a nan Wash...

Prezidan Jovenel Moise anonse kèk dispozisyon fas ak menas Kowonaviris la

Prezidan Jovenel Moise anonse fòmasyon yon komite pou fè fas kare ak kowonaviris la. Nan mesaj la, chèf leta a metej sou paj Facebook li di komite a gen ladann medsen lame a, medsen lapolis, etidyan finisan an medsin ak medsen retrete. Lidè ayisyen an ajoute pou di gen espas disponib nan tout peyi a pou mete moun an karantèn. Pou ayisyen k ap viv nan peyi kote viris la egziste, lidè ayisyen di pa gen pwoblèm pou yo rantre nan peyi a men yo dwe mete yo an karantèn lakay.

Otorite Ayisyèn yo Aksepte Dwa Sendika nan Polis la e Reyentegre 5 Polisye, Aktè Mouvman an

5 polisye direksyon jeneral Polis Nasyonal la te revoke retounen nan enstitisyon an selon desizyon otorite pran. Ofis Pwoteksyon Sitwayen ( OPC) te mande direksyon jeneral la pou l te rekonsidere desizyon pou l revoke group polisye sa yo ki t ap mande fòmasyon yon sendika ak pibon kondisyon travay. Selon yon arete Premye Minis Joseph Jouthe pibliye sa pa gen lontan rekonèt dwa polisye yo genyen pou fè pati yon sendika.

Popilasyon Ankolè Touye 4 Prezime Kidnapè Pandan yon Te nan Men Lajistis

4 prezime kidnapè mouri anba dife kèk moun nan popilasyon an ki te ank kolè. Lapolis ak jistis te arete yo prezime kidnapè yo epi fèmen yo nan Komisarya Boukan Kare a. Yon gwoup moun nan popilasyon an rantre pran prezime kidnapè yo. Rès sispèk swa gang kidnapè yo ta pran lafuit nan moman popilasyon an tap lenche 4 nan prezime yo. Jij de pè a, Me Hosnac Degrave, estime la jistis te arete mesye yo pou kidnaping sou yon jèn gason, plis vol, vyol ak asosyasyon malfektè. Me Degrave di yo jwenn nan posesyon sispèk yo : 2 zam, plizyè cheval, bef, kabrit peyzan yo te pran. Ensidan sa a rive nan komin nan moman manke polis nan komisarya a dapre korespondan Lavwadlamerik Jean Christipher Collegues.